Solo Build It!

Timoun ak Emeline Michel, Pawòl yo

Timoun ak Emeline Michel

Pawòl chante-a


De tout bèl chante Emeline Michel ki konn enspire m anpil, Timoun se zèv li ki plis touche m. Pawòl zèv chante sa rejwenn yon ijans ke mwen santi nan zantray mwen pou nou sa rejte tout kalite laperèz epi louvri nanm nou, kontre yonn ak lòt ant kat zye tout bon, chèche kouraj pou nou fè sa ki gen pou fèt pou n' rekòmanse epi onore eritaj Desalin lan.

Tankou Bayyinah Belo di li aklè...
"...depi ou konn misyon w, ou ranmase l ak kouraj... lemonn antye te mèt kont ou, pa pè, kanpe, fè l..."

Bayyinah Belo

Timoun, pawòl pou nou chante epi danse ak Emeline Michel


Nou tonbe, men fò n leve

Timoun, sa n di n pral rekòmanse
Nou genyen yon peyi pou n rekole
Se tè manman n, Se byen papa n
N'ap fè kwa, ya vin pile l

Timoun sekwe kò n leve kanpe
Sonje nou pa gen lechwa fò n vanse
N ap pentire, bale, wouze
N ap triye bon grenn nan laye

Tout sa k soti nan lanmou, pa gen danje
Ann rasanble, rekonsilye, nan tèt ansanm sekrè a ye
Ayiti se pa n li ye
Ann ba li zèl pou l' vole
Makonnen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite

Timoun, sa n di fò n rekòmanse
Tanpri ann pa mache gaye
Bouke preche, pa repwoche
Trouse manch nou pou n beche

Veye, anpil je kale ap chache
Oun wout pou pwofite lò n divize
Ann klotire, ann rebwaze byen pou pitit nou jwenn demen

Tout sa k soti nan lanmou, pa gen danje
Ann rasanble, rekonsilye, se tèt ansanm sekrè a ye
Ayiti se pa n li ye
Ann ba li zèl pou l vole
Makonnen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite

Nou pare, annou ay

Ye-i Ye-i Ye-i Yè Yè...
Mmmmmm

Lavi a pa rekile, fò nou vanse, fò nou vanse

Wè....

Ann ale, Se sa, Se sa, annou ay
Ye-i Ye-i Ye-i Yè Yè
Se sa

Ye-i Ye-i Ye-i Yè Yè
Lavi pa rekile, fò n vanse timoun...

Non non non, non non non non, lavi pa ka rekile
Non non non, non non non non, lavi pa ka rekile

Se sa, Se sa, Se sa
Lavi pa rekile, fò n vanse timoun...

Eeeeeeee


Emeline Michel

Timoun ak Emeline Michel
Tout bagay kòmanse ak yon rèv...

Biografi (Sous: A propos de Emeline Michel, tradiksyon lib) 

Emeline Michel se larenn chante Ayiti; pèfòmans li kaptive tout moun. Se youn nan premye moun nan jenerasyon li ki ekri chante Ayiti. Li pwodi epi li monte sou sèn atravè lemonn nan karayib, Ewòp, Amerik dinò, Amererik disid, depi plis pase 20 lanne. Li chante an fransè tankou an krèyòl ayisyen, epi 9 albòm li yo, Douvanjou ka leve, Pa gen manti nan sa, Rhum & Flamme, Tout Mon Temps, The Very Best, Ban'm Pase, Cordes et Âme, Rasin Kreyòl, Reine de Coeur, pwopilse li sou sèn entènasyonal la.

Emeline Michel, se yon atis ki nan kè tout Ayisyen deske li konbine rit tradisyonèl ak kontni sosyal, politik epi ki bay enspirasyon. Li fè pati jenerasyon mizisyen Ayisyen ki te emèje nan fen ane 1980 yo, tankou gitaris/vokalis, Beethova Obas, epi gwoup rasin Boukman Eksperyans ak Boukan Guinen. Vag atis sa mete aksan sou tèm konplèks ki gen pawòl ak konsyans epi ki kouvri yon gran repètwa estil mizik ak konpa Ayisyen, twoubadou epi rara.

Emeline Michel fèt nan Gonayiv, Ayiti. Premye eksperyans mizik li, se te chante levanjil nan legliz lokalite a. Apre l fin konplete edikasyon li, Emeline aksepte yon opòtinite etid nan Jazz Detroit Center epi li retounen Ayiti kòm yon mizisyen pwofesyonèl. Li livre premye albòm li Douvanjou Ka Leve ak fòs siksè chante Plezi Mizè ke Beethova Obas te ekri.

Apre sa, li sòti  2 albòm, Tankou Melodie ak Flanm, ki pozisyone l kòm youn nan tòp atis Ayiti ak Zantiy Fransè yo, ki fè yo vin rele l Deyès Mizik Kreyòl la. Rive Lafrans, li vin yon ikòn nan mizik sou sèn tankou Festival Jazz Nice epi Teyat vil la. Li reponn prezan pou anpil envitasyon nan televizyon epi fè kouvèti magazin mizik ak kilti.

Apati de baz li Lafrans, travay Emeline vin rekonèt nan peyi ki pale fransè nan lemonn tankou Bèljik, Lafrik, Zantiy Fransè yo, Giyan Fransè, Kebèk epi menm Chili ak Japon.

Apre li fin siyen sou plizyè etikèt nan Lafrans, Kanada ak Etazini, Emeline fòme pwòp konpayi pwodiksyon li nan lane 1999, Pwodiksyon Cheval de Feu, ki pèmèt li gen kontwòl total sou karyè li ak vizyon atistik li.


No comments:

LinkWithin

Related Posts Plugin for WordPress, Blogger...